Ezekiel 45:8
Se pòsyon tè sa a y'a bay wa a nan peyi Izrayèl la pou rele l' pa l'. Konsa, li p'ap bezwen peze pèp mwen an ankò. L'a kite rès peyi a pou branch fanmi pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 11:23Jozye te pran tout peyi a, jan Seyè a te di Moyiz la, epi li bay pèp Izrayèl la li pou li rele l' pa l'. Li separe l', li bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Apre tout batay sa yo, peyi a t'ap viv nan lapè, pa t' gen goumen ankò.
Proverbs 28:16Lè yon chèf pa gen konprann, l'ap peze moun, l'ap fè mechanste. Men, moun ki pa vle wè moun k'ap vòlò ap gouvènen lontan.
Isaiah 32:1Yon jou, va gen yon wa k'ap gouvènen peyi a san patipri. Chèf yo va dirije peyi a jan sa dwe fèt.
Jeremiah 22:17Men ou menm, yon sèl bagay ou wè, yon sèl bagay ou konnen, se enterè pa ou ase. Se konsa w'ap touye inonsan. W'ap maltrete pèp la, w'ap maspinen l'. Se Seyè a menm ki di sa.
Ezekiel 19:3Li pran yonn nan pitit li yo, li fè l' tounen yon jenn mal lyon. Jenn lyon an aprann jan pou l' kouri dèyè bèt pou l' manje. Li tanmen devore moun.
Ezekiel 22:6Tout chèf peyi Izrayèl yo gen konfyans nan pwòp fòs yo. Yon sèl bagay yo konnen, se touye moun.