Ezekiel 46:12
Lè wa a ap fè yon ofrann paske li vle fè l' bay Seyè a, kit se yon ofrann pou yo boule nèt, kit se yon ofrann pou di Bondye mèsi, y'a louvri pòtay ki bay sou solèy leve nan ti lakou anndan an pou li. Se pou li fè ofrann li menm jan li fè l' pou jou repo yo. Men, soti li soti, y'a fèmen pòtay la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 7:16Si yon moun pote yon ofrann pou di Bondye mèsi, paske li te vle kenbe yon ve li te fè, ou ankò paske li vle fè yon ofrann konsa, yo pa bezwen manje tout vyann ofrann lan menm jou a. Men yo gen dwa kite rès pou denmen.
Numbers 29:39Men tou sa nou va ofri bay Seyè a lè n'ap fè gwo fèt nou dwe fè pou li yo, apa ofrann n'ap fè paske nou te pran angajman pou nou te fè yo, ou ankò ofrann n'ap fè paske nou rete konsa nou vle fè l', mete sou bèt n'ap ofri pou boule nèt nan dife pou Bondye, sou ofrann grenn jaden ak ofrann bwason yo, ak sou ofrann nou fè pou di Bondye mèsi.
1 Chronicles 29:21Nan denmen, yo ofri bèt pou yo touye pou Seyè a, yo boule kèk bèt nèt pou Seyè a: antou mil (01.000) ti towo bèf, mil (01.000) belye mouton, mil (01.000) jenn ti mouton ak ofrann diven ki fèt pou mache ak yo. Yo touye yon pakèt lòt bèt yo tè ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la.
2 Chronicles 7:5Wa Salomon te ofri venndemil (022.000) towo ak sanvenmil (0120.000) mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a.
Ezra 1:4Toupatou nan peyi a, moun k'ap viv menm kote ak ti rès ki rete nan pèp Izrayèl la va ba yo konkou pou yo ka tounen nan peyi pa yo. Y'a ba yo ajan ak lò, pwovizyon ak bèt ansanm ak tout lòt bagay yo vle ba yo pou yo ofri nan tanp Bondye a ki nan lavil Jerizalèm lan.
Ezra 6:17Yo ofri san (0100) towo, desan (0200) belye mouton, katsan (0400) ti mouton pou yo touye pou mete tanp lan apa pou sèvis Bondye. Yo ofri tou douz bouk kabrit, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, pou mande Bondye padon pou peche pèp la.