Ezekiel 46:18
Wa a pa gen dwa mete ankenn moun nan pèp la deyò sou tè yo pou li pran l' pou li. Se nan tè ki rele l' pa l' la pou l' pran pou l' bay pitit li. Konsa, li p'ap mete pesonn deyò sou tè yo pou l' pran tè a pou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 21:3Men, Nabòt reponn Akab: -Se tè eritaj li ye. Dapre lalwa Seyè a, mwen pa gen dwa vann ou li.
Psalms 68:18(068:19) Ou moute anwo, ou mennen anpil prizonye ale avè ou. Yo fè ou kado anpil moun, menm moun ki te leve dèyè ou yo.
Psalms 78:72David pran swen yo ak tout kè li. Li kondi yo avèk anpil ladrès.
Isaiah 32:1Yon jou, va gen yon wa k'ap gouvènen peyi a san patipri. Chèf yo va dirije peyi a jan sa dwe fèt.
Ezekiel 22:27Zotobre yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k'ap dechèpiye bèt yo touye. Y'ap touye moun pou yo vòlò byen yo.
Ezekiel 34:21Nou pouse mouton ki san fòs yo sou kote, nou ba yo kou ak dèyè nou, ak pòtray nou, ak kòn nou jouk nou mete yo deyò, nou fè yo kite bann lan.