Ezekiel 47:12
Sou de bò larivyè a, tout kalite pyebwa pral pouse pou bay fwi pou moun manje. Fèy yo p'ap janm fennen, yo p'ap janm sispann donnen. Y'ap bay yon donn chak mwa, paske dlo k'ap koule soti nan Tanp lan pral wouze yo. Pyebwa yo pral bay fwi pou moun manje. Fèy yo ap sèvi renmèd.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Men, dlo ki nan lagon yo ak nan ma dlo ki sou rivaj la p'ap dous. Y'ap rete ak tout gwo sèl yo.
Cross References
Genesis 2:9Seyè a, Bondye a, te fè tout kalite pyebwa leve nan jaden an, bèl pyebwa ki donnen fwi ki bon pou manje. Nan mitan jaden an te gen de gwo pyebwa. Yonn se te pyebwa ki bay lavi a, lòt la se te pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la.
Psalms 1:3Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l' rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l' fè soti byen.
Isaiah 1:6Depi nan po tèt nou rive anba pla pye nou, nanpwen kote nan kò nou ki pa malad. Se blese, se foule, se san k'ap koule. Yo pa netwaye yo, yo pa mare anyen sou yo, yo pa mete medikaman sou yo pou kalme doulè yo.
Isaiah 61:3pou m' bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M'ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Seyè a te plante ak men l'. Yo tout pral fè sa ki dwat devan Bondye, pou tout moun ka fè lwanj bèl pouvwa li.
Jeremiah 17:8L'ap tankou pyebwa yo plante bò larivyè, k'ap plonje rasin li nan dlo. Li pa pè anyen lè sezon chalè rive, paske fèy li yo ap toujou vèt. Te mèt gen yon lanne chechrès, sa pa fè l' anyen, l'ap toujou donnen.
Revelation 22:2Li t'ap koule nan mitan granri lavil la. Sou de bò riviè a, te gen piebwa ki bay lavi a. Li donnen douz fwa nan lanne. Li donnen chak mwa. Se ak fèy li yo yo fè renmèd pou geri nasyon yo.