Ezekiel 47:14
Separe tè a pou chak moun jwenn pòsyon pa yo. Mwen te pwomèt zansèt nou yo m'ap ba yo peyi sa a pou rele yo pa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 13:15paske mwen pral ba ou tout tè ou wè a pou ou ak pou pitit pitit ou yo pou tout tan.
Genesis 17:8Ou wè tè kote ou rete tankou moun vini koulye a? Mwen gen pou m' ba ou l' ansanm ak tout pitit pitit ou yo. tout peyi Kanaran an ap rele ou pa ou pou tout tan. Wi, se mwen menm k'ap Bondye yo tout.
Genesis 28:13Epi li wè Seyè a kanpe anwo nechèl la. Seyè a t'ap di: -Se mwen menm, Seyè a, Bondye Abraram, zansèt ou, ak Bondye Izarak. Ou wè tè kote ou kouche a, m'ap ba ou l' pou ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo.
Numbers 14:16se kapab ou pa t' kapab mennen pèp la nan peyi ou te fè sèman w'ap ba yo a kifè ou touye yo nan dezè a.
Deuteronomy 1:8Nou wè! Men m'ap ban nou tout peyi sa yo. Al pran posesyon peyi mwen menm Seyè a, mwen te pwomèt m'ap bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb, pou yo ak pou tout pitit yo ak pitit pitit yo apre yo.
Ezekiel 20:5W'a di yo: Men mesaj Seyè ki sèl Mèt la voye ba yo: Lè mwen te chwazi pèp Izrayèl la, moun fanmi Jakòb yo, mwen te fè sèman ba yo, mwen te fè yo konnen ki moun mwen ye lè yo te nan peyi Lejip la. Mwen te fè sèman ba yo, mwen te di yo se mwen menm Seyè a ki Bondye yo.