Ezekiel 47:22
N'a separe peyi a bay chak moun sa ki vin pou yo. Moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou epi ki gen pitit ki fèt la va resevwa moso tè pa yo tou lè n'ap separe peyi a. Se pou nou konsidere yo tankou nenpòt moun pèp Izrayèl k'ap viv nan peyi a. Y'a tire osò pou pòsyon ki pou vin pou yo nan peyi a ansanm ak moun branch fanmi pèp Izrayèl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
21N'a separe tè a bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pòsyon pa yo.
Cross References
Numbers 26:55Men, pou fè separasyon peyi a, n'a tire osò: chak fanmi va resevwa pòsyon pa l' dapre kantite moun yo te konte nan chak.
Isaiah 56:6Tout moun lòt nasyon ki va vin kole kò yo ansanm ak pèp Seyè a pou yo sèvi l', pou yo renmen l' tankou yon sèvitè, tout moun ki mete jou repo a apa san yo pa derespekte l' epi ki kenbe kontra m' lan fèm,
Ezekiel 45:1Lè n'a separe peyi a pou nou bay chak branch fanmi pa yo, se pou nou kite yon pòsyon n'a mete apa nèt pou Seyè a. Pòsyon tè sa a va gen douz kilomèt edmi longè sou dis kilomèt lajè. Tout zòn lan va rete apa nèt pou Seyè a.
Ezekiel 48:29Seyè sèl Mèt la di: -Men peyi nou pral separe an pòsyon pou nou bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pa yo.
Acts 11:18Lè yo fin tande pawòl sa yo, yo sispann kritike l', yo pran fè lwanj Bondye. Yo t'ap di: Se vre wi. Bondye bay moun ki pa jwif yo chans pou yo chanje, pou yo ka resevwa lavi tou.
Romans 10:12Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l' favè l' an kantite.