Ezekiel 47:6
Li di m' konsa: -Nonm o! Make tou sa ou wè la a! Apre sa, li fè m' tounen sou bò larivyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Lè m' rive la, mwen wè te gen anpil pyebwa sou de bò larivyè a.
Cross References
Jeremiah 1:11Seyè a pale avè m', li di m' ankò: -Kisa ou wè la a, Jeremi? Mwen reponn li: -Mwen wè yon branch zanmann.
Ezekiel 8:17Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Eske ou wè sa? Moun peyi Jida sa yo ap fè tout vye bagay derespektan y'ap plede fè yo. Y'ap mache fè mechanste nan tout peyi a. Men sa pa kont yo toujou, se pou yo vini jouk isit la nan tanp lan pou fè yo, pou yo fè m' pi move toujou. Men y'ap fè move jès pou derespekte m', yo mete yon ti branch bwa anba nen yo.
Ezekiel 44:5Epi Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Pran tèt ou! Louvri je ou gade byen. Louvri zòrèy ou tande. Mwen pral ba ou lòd ak regleman pou Tanp mwen an. Gade byen ki moun ki gen dwa antre soti nan Tanp lan, ki moun ki pa gen dwa mete pye yo nan Tanp lan.
Zechariah 5:2Zanj ki t'ap pale avè m' lan di m': -Kisa ou wè? Mwen reponn li: -Mwen wè yon liv an fòm yon woulo k'ap vole nan syèl la. Li gen trant pye longè ak kenz pye lajè.