Ezekiel 48:11
Moso tè sa a va rete pou prèt ki soti nan fanmi Zadòk, prèt yo te mete apa pou mwen an, paske se yo menm ki te kenbe fèm nan sèvis mwen, ki pa t' pèdi tèt yo lè rès pèp Izrayèl la te pèdi tèt yo ansanm ak lòt moun branch fanmi Levi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezekiel 40:46Lòt chanm ki gen pòt li louvri sou nò a, se pou prèt k'ap sèvi sou lotèl la. Tout prèt yo se moun menm fanmi Zadòk la. Nan tout branch fanmi Levi a, se yo menm ase ki te gen dwa antre devan Seyè a pou sèvi l' nan Tanp lan.
Ezekiel 44:10Seyè a di m' ankò: Lè moun pèp Izrayèl yo te vire do ban mwen pou y' al sèvi zidòl yo, moun Levi yo te mete tèt yo ansanm ak pèp la. Se poutèt sa mwen pral pini yo pou sa yo fè a.
Matthew 24:45Ki moun ki ka di li se yon jeran entelijan ki fè tout travay li byen? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje.
1 Peter 5:4Konsa, lè gran gadò a va parèt, n'a resevwa yon kouwòn ki p'ap janm fennen: n'a resevwa lwanj Bondye.