Ezekiel 48:23
Sou bò sid pòsyon mitan sa a, lòt sis branch fanmi pèp la va resevwa pòsyon pa yo. L'a soti depi sou fwontyè bò solèy leve a rive sou fwontyè bò solèy kouche a, bò lanmè Mediterane a. Lè ou konmanse sou lizyè pòsyon mitan an, ou jwenn yon pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an.
Bib La
In The King James Version
As for the rest of the tribes, from the east side unto the west side, Benjamin shall have a portion.
In Context
24Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Simeyon an.
Cross References
Joshua 18:11Moun branch fanmi Benjamen yo te jwenn pòsyon tè ki nan mitan an, pòsyon tè moun Jida yo yon bò ak pòsyon tè moun Jozèf yo yon lòt bò.
Ezekiel 48:1Sou bò nò, fwontyè peyi a ap soti bò lanmè Mediterane a, l'ap pran direksyon solèy leve jouk lavil Etlon, l'ap pase devan Amat, l'ap rive lavil Enon. L'ap kouri sou fwontyè ant peyi Damas ak peyi Amat. Chak branch fanmi pèp la pral resevwa yon pòsyon tè k'ap soti depi bò lanmè Mediterane sou lizyè solèy kouche a rive sou lizyè solèy leve a. Lè ou konmanse sou lizyè nò a, ou jwenn pòsyon tè branch fanmi Dann lan.