Ezekiel 5:14
M'ap fè nou tounen yon dezè nan mitan tout lòt peyi yo, yon wont pou moun k'ap pase bò kote nou ye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:31M'a fè lavil nou yo tounen mazi. M'ap detwi tout kote nou fè sèvis yo. M'ap derefize pran bon sant ofrann nou yo.
2 Chronicles 7:20lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase l' nan betiz, y'a fè chante sou li.
Psalms 74:3vin wè sa ki rete apre ravaj la! Lènmi nou yo fin kraze dènye bagay nan kay ki apa pou ou a.
Isaiah 64:10Lavil yo mete apa pou ou yo rete san moun ladan yo. Mòn Siyon an tankou yon dezè. Lavil Jerizalèm tounen yon savann.
Jeremiah 24:9Mwen pral mennen yon sèl malè sou yo. Tout lòt nasyon ki sou latè a pral tranble lè y'a wè sa. Moun pral pase yo nan betiz, yo pral rakonte istwa sou yo. Yo pral mete yo nan chante. Y'ap pran non yo pou sèvi jouman, pou bay madichon nan tout peyi kote mwen pral gaye yo.
Lamentations 1:4Chemen ki mennen sou mòn Siyon yo blanch! Pesonn pa moute al fè sèvis jou fèt yo. Pòtay li yo vid. Prèt yo ap plenn. Tout medam ki konn chante yo nan lafliksyon. Mòn Siyon an nan gwo chagren.