Ezekiel 6:3
W'a di moun nan mòn peyi Izrayèl yo: Koute mesaj Seyè a, Bondye Sèl Mèt la. Men sa li di moun nan mòn yo, nan ti mòn yo, nan ravin yo ak nan fon yo. Mwen pral voye lènmi atake nou ak nepe pou detwi tout kote nou konn fè sèvis pou zidòl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
2-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon mòn peyi Izrayèl yo. Bay moun yo mesaj mwen ba ou pou yo a.
Cross References
Leviticus 26:25M'ap fè lènmi nou yo vin fè nou lagè poutèt kontra m' nou pa kenbe a. Lè sa a, n'a anpile kò nou nan lavil yo pou chache pwoteksyon, m'a voye tout kalite move maladi sou nou, jouk n'a blije rann tèt nou bay lènmi nou yo.
1 Kings 14:23Yo menm tou, yo bati kay pou fè sèvis pou zidòl, yo fè gwo moniman wòch ak estati pou Astate sou tèt mòn anba gwo pyebwa.
Jeremiah 2:20Izrayèl, gen lontan depi ou pa rekonèt otorite m' ankò! W'ap manje kòd, w'ap di: Mwen p'ap sèvi Seyè a. Lèfini, sou tout ti mòn anba tout gwo pyebwa ou nan dezòd, w'ap fè sèvis pou lòt bondye.
Jeremiah 3:23Se pou gremesi nou t'ap fè tout bri sa yo sou tèt mòn yo. Yo pa ka fè anyen pou nou. Wi, se Seyè a, Bondye nou an, sèl ki ka sove pèp Izrayèl la.
Ezekiel 36:1Seyè a di ankò: -Koulye a, nonm o! Men mesaj pou ou bay mòn Izrayèl yo, koute sa Seyè a voye di nou.
Amos 7:9Mwen pral kraze tout kote pitit pitit Izarak yo te konn adore m' sou mòn yo. Mwen pral fè tout kay pitit pitit Izrayèl yo te mete apa pou mwen yo tounen mazi. M'ap fè lagè ak fanmi Jewoboram lan, m'ap wete gouvènman an nan men yo.