Ezekiel 6:8
Men, m'ap kite de twa nan nou chape nan lagè a. Lèfini m'ap gaye yo nan mitan lòt nasyon yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Anpil moun ap tonbe mouri nan mitan nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Cross References
Nehemiah 1:8Koulye a, chonje pawòl ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, lòd ki di nou: Si nou menm, moun pèp Izrayèl yo, nou pa kenbe pawòl mwen yo, m'ap gaye nou sou latè nan mitan tout lòt nasyon yo.
Isaiah 27:7Seyè a pa t' pini l' menm jan li te pini lènmi l' yo. Li pa t' touye moun li yo menm jan li te touye moun ki t'ap ansasinen l' yo.
Jeremiah 44:14Nan ti rès moun Jida ki rete yo, sa ki te desann al viv nan peyi Lejip la, yo yonn p'ap kouri chape, yo yonn p'ap sove. Kanta pou tounen al viv nan peyi Jida a ankò, jan yo ta vle l' la, yo pa ladan l'. Yo yonn pa t' tounen, an wetan de twa ki va kouri chape kò yo.
Jeremiah 46:28Nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an, nou pa bezwen pè. M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye nou yo. Nou menm, mwen p'ap detwi nou. Men, pou pini se pou m' pini nou, jan sa dwe fèt. Mwen p'ap kite anyen pou nou.
Ezekiel 5:12Pèp la ap fè twa pòsyon, yon pòsyon pral mouri anba maladi ak grangou nan lavil la, yon lòt pòsyon pral mouri nan lagè lòt bò miray ranpa lavil la. M'ap gaye rès la nan tout direksyon. Lèfini, m'ap kouri dèyè yo ak nepe.
Ezekiel 12:16Men, m'ap kite de twa ladan yo chape, yo p'ap touye yo nan lagè, yo p'ap mouri nan grangou, ni anba move maladi. Konsa, lè y'a nan mitan lòt nasyon yo, y'a rakonte jan yo te fè bagay ki derespektan, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.