Ezekiel 7:11
Mechan yo ap pran baton pou kraze brize. Anyen p'ap rete nan richès nou yo, nan bèl bagay nou yo ak nan gwo pouvwa nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Men jou malè a rive sou nou. Nou pral fini nèt! Baton nan dèyè nou! Lwijanboje yo toupatou!
Cross References
Isaiah 5:7Pèp Izrayèl la, se li ki jaden rezen Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a. Moun peyi Jida yo, se yo ki bon plan li te plante a. Li t'ap tann yo mache dwat: Yo lage kò yo nan fè lenjistis. Li t'ap tann yo fè sa ki dwat devan je l', men, nan tout peyi a, se rèl malere ase ou tande.
Isaiah 14:29-Nou menm, moun peyi Filisti yo, baton ki t'ap bat nou an kase. Men, nou pa bezwen kontan pou sa. Paske, lè yon sèpan mouri gen yon lòt ki pi mechan pase l' k'ap pran plas li. L'ap kale yon dragon ki gen zèl.
Jeremiah 6:7Menm jan dlo dous toujou ap souse nan yon pi, se konsa nan lavil la mechanste ap souse toupatou: Se britalite ak piyay mwen tande y'ap fè. Se moun k'ap soufri, moun ki anba kou ase mwen wè devan je m'.
Jeremiah 16:5Wi, men sa Seyè a di ankò: -Pa antre nan kay kote ki gen lanmò. Pa kriye pou pesonn! Pa moutre moun sa yo ou nan lapenn pou yo, paske mwen p'ap kite yo ak kè poze ankò. Se mwen Seyè a ki di sa. Mwen p'ap gen pitye pou yo ankò. Mwen p'ap fè byen pou yo ankò.
Jeremiah 25:33Jou sa a, depi yon bout latè rive lòt bout la, se va kadav moun Seyè a pral touye. P'ap gen pesonn pou kriye pou yo, pesonn pou ranmase yo atè a, pesonn pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a.
Ezekiel 5:11Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè, Sèl Mèt la, k'ap pale: Paske nou derespekte tanp mwen an ak tout vye bagay degoutan ansanm ak bann bagay mwen pa vle wè menm nou te fè ladan l' yo, mwen fè sèman, mwen menm tou m'ap san pitye pou nou. M'ap voye nou jete, mwen p'ap kite nou yonn chape.