Ezekiel 7:15
Batay nan tout lari! Maladi ak grangou nan tout kay! Moun ki andeyò nan jaden yo pral mouri nan lagè. Moun ki anndan lavil la, grangou ak maladi pral fini ak yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:25Nan lari, y'a touye pitit pitit gason yo nan goumen. Moun ki anndan kay va sitèlman pè, kè yo va rete. Jenn gason ak jenn fi va mouri menm jan an tou. Depi timoun nan tete jouk granmoun cheve blan, pesonn p'ap chape.
Jeremiah 15:2Lè y'a mande ou kote pou yo ale, w'a di yo: Men sa Seyè a di: Sa ki la pou mouri anba maladi pral mouri anba maladi! Sa ki la pou mouri nan lagè pral mouri nan lagè! Sa ki la pou mouri grangou pral mouri grangou! Sa ki la pou depòte, yo pral depòte yo!
Lamentations 4:9Moun ki mouri nan lagè pi bon pase moun ki mouri grangou. Y'ap depafini jouk yo mouri. Yo pa jwenn anyen pou yo manje.
Ezekiel 6:12Moun ki lwen yo pral tonbe malad, y'ap mouri. Moun pre yo pral mouri nan lagè. Sa ki va rete yo pral mouri grangou. M'ap move sou yo jouk mwen p'ap kapab ankò.