Ezekiel 7:20
Bèl bijou yo te genyen yo vire lòlòj yo. Yo sèvi ak yo pou fè estati zidòl, bagay ki derespektan, bagay mwen pa vle wè menm. Se poutèt sa, m'ap fè yo p'ap ka santi richès yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 8:27Jedeyon fè yon estati ak lò a, li mete l' nan lavil Ofra, kote l' moun lan. Tout moun pèp Izrayèl yo vire do bay Bondye, yo vin adore estati a lavil Ofra. Sa te tounen yon pèlen pou Jedeyon ak tout fanmi li yo.
2 Kings 21:7Li te fè yon estati Achera, zidòl fanm lan, li mete l' nan Tanp lan, atout Seyè a te pale ak David ansanm ak Salomon sou Tanp lan. Li te di yo: Se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen.
1 Chronicles 29:1Lèfini, David pale ak tout moun ki te sanble la yo, li di yo konsa: -Salomon, pitit gason m' lan, se li menm Bondye chwazi, men li jenn anpil, li pa gen esperyans. Travay la anpil, paske se pa yon kay pou moun li pral bati, men yon tanp pou Bondye, Seyè a.
2 Chronicles 3:1Salomon tanmen bati Tanp Seyè a lavil Jerizalèm sou mòn Morija a, kote Seyè a te parèt devan David, papa l', sou anplasman David te pare pou sa a, ki vle di kote Onan, moun Jebis la, te gen glasi l' la.
2 Chronicles 36:14Ata lòt chèf peyi Jida yo, prèt yo ansanm ak tout pèp la te lage kò yo nan sèvi yon bann vye zidòl, tankou tout lòt nasyon yo te konn fè. Yo derespekte Tanp Seyè a te mete apa pou li menm lavil Jerizalèm.
Psalms 48:2(048:3) Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a.