Ezekiel 7:24
M'ap fè pèp ki pi mechan sou latè a mache sou yo, y'ap pran tout kay yo pou yo. M'ap kraze lògèy lwijanboje yo, lè moun sa yo va derespekte tout kote yo te konn fè sèvis pou zidòl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Tout bagay pral tèt anba. Peyi a plen ansasen k'ap touye moun. Nan lavil la, moun ap kraze brize.
25Tout moun pral gen kè sere. Yo ta renmen gen kè poze, men yo p'ap kapab.
Cross References
2 Chronicles 7:19Men, si ou menm osinon yonn nan pitit ou yo vire do ban mwen, si nou pa fè sa m' mande nou fè, si nou pa koute lòd mwen ban nou, si n al sèvi lòt bondye, si n' al adore lòt bondye,
Psalms 83:12(083:13) paske yo te di: -Ann pran peyi Bondye a pou nou.
Isaiah 5:14Peyi kote mò yo ye a ap tann yo konsa. L'ap louvri pòtay li yo byen gran pou l' resevwa yo. Se la tout grannèg yo pral desann ansanm ak pèp la k'ap fè bri ak kè kontan.
Jeremiah 6:12Y'ap pran kay yo ansanm ak jaden yo ak madanm yo bay lòt moun. Mwen pral pini moun ki rete nan peyi a. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremiah 17:4Se nou menm ankò ki pral bay peyi mwen te ban nou an. M'ap fè nou tounen domestik lènmi nou yo, nan yon peyi nou pa t' janm konnen paske nou te fè m' fache. Kòlè m' tankou yon dife ki p'ap janm mouri.
Ezekiel 21:2-Nonm o! Vire figi ou gade nan direksyon lavil Jerizalèm. Denonse sa y'ap fè nan tanp yo. Avèti moun peyi Izrayèl yo!