Ezekiel 7:6
Lè a fin rive! Nou pa lwen fini nèt! Dènye jou nou yo pa lwen rive.
Bib La
In The King James Version
An end is come, the end is come: it watcheth for thee; behold, it is come.
In Context
5Men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di ankò: -Malè sou malè pral tonbe sou nou.
Cross References
Jeremiah 44:27M'ap veye pou se malè ase ki pou rive nou. Mwen p'ap voye ankenn bon bagay ban nou. Wi, dènye moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la pral disparèt, kit se nan lagè, kit se nan grangou, jouk p'ap rete yonn ankò.
Ezekiel 7:3Koulye a, sa fini nèt pou nou! Mwen pral move sou nou, paske mwen pral pini nou pou tou sa nou fè. Mwen pral fè nou peye pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je mwen.
Ezekiel 12:23Koulye a, di yo men mesaj Seyè a, Bondye sèl Mèt la, voye ba yo: Mwen pral fè yo sispann repete pawòl sa a. Yo p'ap janm tande l' ankò nan bouch moun pèp Izrayèl yo. Di yo: Men jou a rive. Men sa yo te di ki pou rive a pral rive vre!
Ezekiel 39:8Seyè sèl Mèt la di ankò: -Wè pa wè, jou mwen t'ap pale a gen pou rive. Sa se sèten.
Zechariah 13:7Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di ankò: -Nepe, leve non! Al atake gadò mouton m' yo, moun k'ap travay avè m' lan. Touye l' pou bann mouton an ka gaye. M'ap pini ata moun ki pi piti yo.