Ezekiel 8:17
Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Eske ou wè sa? Moun peyi Jida sa yo ap fè tout vye bagay derespektan y'ap plede fè yo. Y'ap mache fè mechanste nan tout peyi a. Men sa pa kont yo toujou, se pou yo vini jouk isit la nan tanp lan pou fè yo, pou yo fè m' pi move toujou. Men y'ap fè move jès pou derespekte m', yo mete yon ti branch bwa anba nen yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 6:13Lè sa a, Bondye di Noe konsa: Mwen deside pou m' fini ak tout moun, paske se yo ki lakòz toupatou sou latè se mechanste ase. Wi, mwen pral detwi yo nèt ansanm ak tout sa ki sou latè.
2 Kings 24:4ak pou kantite moun inonsan li te touye jouk tout lari Jerizalèm te plen san. Seyè a pa t' vle padonnen ankò.
Jeremiah 7:18Timoun yo ap ranmase bwa. Mesye yo ap limen dife. Medam yo ap bat farin pou fè gato pou Larenn syèl la. Y'ap ofri diven vide atè pou lòt bondye. Y'ap fè tou sa pou yo fè m' lapenn.
Jeremiah 20:8Chak fwa pou m' pale se rele pou m' rele. M'ap di byen fò: Men y'ap kraze brize! Men y'ap piye! Paske lè m'ap fè konnen mesaj ou, y'ap fè m' wont, y'ap pase m' nan betiz.
Ezekiel 7:23Tout bagay pral tèt anba. Peyi a plen ansasen k'ap touye moun. Nan lavil la, moun ap kraze brize.
Ezekiel 11:6Nou sitèlman touye moun isit nan lavil la, lari yo plen kadav.