Ezekiel 9:1
Apre sa, mwen tande Bondye pale byen fò nan zòrèy mwen. Li di konsa: -Pwoche non, nou tout ki pral pini lavil la. Pwoche ak zam nou nan men nou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 12:23Konsa, lè Seyè a va pase nan peyi Lejip la pou touye moun peyi Lejip yo, l'a wè san an sou chanbrann yo ak sou lento a, l'ap pase devan pòt la, li p'ap kite moun ki reskonsab pou touye a antre lakay nou pou touye nou.
1 Chronicles 21:15Seyè a te voye zanj li sou lavil Jerizalèm pou detwi l'. Lè zanj lan konmanse fè travay li, Seyè a wè sa, li fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: -Sispann! Kenbe men ou! Lè sa a, zanj lan te gen tan toupre glasi Onan an, moun lavil Jebis la.
Isaiah 10:6Mwen te voye l' kouri al atake yon nasyon ki derespekte m'. Mwen te ba li manda pou l' regle yon pèp ki te fè m' fache anpil, pou l' pase men pran tou sa yo genyen, pou l' piye yo, pou l' pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè nan lari.
Ezekiel 43:6Nonm lan menm te kanpe bò kote m'. Mwen tande Seyè a pale avè m', antan li anndan tanp lan, li di m' konsa:
Revelation 1:10Yon jou dimanch, jou Mèt la menm, Lespri Bondye a pran m', mwen tande yon gwo vwa dèyè do m' ki sonnen tankou yon klewon.