Ezekiel 9:10
Enben, mwen p'ap gen pitye pou yo, mwen p'ap fè pa yo. M'ap fè yo peye pou sa yo fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:41lè m'a file bèl nepe klere mwen an, lè m'a soti pou m' rann jistis, m'a tire revanj mwen sou lènmi m' yo, m'a bay moun ki pa vle wè m' yo sa yo merite.
2 Chronicles 6:23ou menm, Seyè ki nan syèl la, w'a tande, w'a fè sa ki gen pou fèt la. W'a jije sèvitè ou yo. W'a pini moun ki koupab la, w'a fè chatiman li merite a tonbe sou tèt li. W'a fè rekonèt lè yon moun inonsan pou yo ka rann li jistis.
Ezekiel 5:11Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè, Sèl Mèt la, k'ap pale: Paske nou derespekte tanp mwen an ak tout vye bagay degoutan ansanm ak bann bagay mwen pa vle wè menm nou te fè ladan l' yo, mwen fè sèman, mwen menm tou m'ap san pitye pou nou. M'ap voye nou jete, mwen p'ap kite nou yonn chape.
Ezekiel 7:4Mwen p'ap gen pitye pou nou. Mwen p'ap fè pa nou. Mwen pral fè nou peye pou tou sa nou fè. Mwen pral regle nou pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo. Konsa n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Ezekiel 8:18Mwen menm tou mwen pral fè yo santi jan mwen move sou yo. Yo mèt rele byen fò nan zòrèy mwen. Mwen p'ap tande yo. Mwen p'ap gen pitye pou yo. Yo mèt rele jan yo vle nan zòrèy mwen, mwen p'ap pran priyè.
Ezekiel 11:21Men, m'ap pini moun ki pa vle lage vye zidòl yo, ki toujou soti pou yo fè vye bagay derespektan yo. M'ap pini yo pou sa yo fè. Se mwen menm, Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki pale.