Ezekiel 9:5
Mwen tande li di lòt mesye yo: -Mache dèyè l' nan tout lavil la. Epi touye! Pa gen pitye pou pesonn. Pa kite pesonn chape!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 32:27Li di yo: -Men sa Seyè a, li menm ki Bondye pèp Izrayèl la di: Se pou nou chak pran nepe nou, mache nan tout kan an, depi nan pòtay sa a rive jouk lòt bò a. Touye mezi moun ki tonbe anba men nou, kit se frè nou, kit se zanmi nou, osinon vwazinaj nou.
Deuteronomy 32:39Se mwen menm, mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt bondye pase mwen menm. Mwen bay lavi, mwen pran lavi jan m' vle. Lè mwen bay maladi, se mwen ki pou bay gerizon. Pa gen moun ki ka delivre pesonn anba men mwen.
1 Kings 18:40Lè sa a, Eli di yo: -Mete men sou pwofèt Baal yo! Pa kite yonn chape. Pèp la mete men sou tout pwofèt yo. Eli mennen yo desann nan ravin Kison an, li touye yo.
Isaiah 22:14Seyè ki gen tout pouvwa a pale nan zòrèy mwen, li di m': Yo p'ap janm padonnen moun sa yo fòt yo fè la a jouk jou yo mouri. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Ezekiel 7:4Mwen p'ap gen pitye pou nou. Mwen p'ap fè pa nou. Mwen pral fè nou peye pou tou sa nou fè. Mwen pral regle nou pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo. Konsa n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Ezekiel 8:18Mwen menm tou mwen pral fè yo santi jan mwen move sou yo. Yo mèt rele byen fò nan zòrèy mwen. Mwen p'ap tande yo. Mwen p'ap gen pitye pou yo. Yo mèt rele jan yo vle nan zòrèy mwen, mwen p'ap pran priyè.