Ezekiel 9:7
Bondye di yo: -Derespekte Tanp lan! Plen lakou a kadav. Ale non! Se konsa yo konmanse touye moun nan lavil la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 36:17Se konsa Seyè a fè wa Babilòn lan moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason peyi Jida a nan Tanp lan menm. Li pa t' gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, malad ou pa malad. Bondye lage yo tout nan men wa a.
Lamentations 2:4Li atake nou, li tonbe sou nou tankou yon lènmi. Li touye tou sa ki te fè plezi ak kontantman nou. Jouk anndan lakay nou, li fè nou santi jan li move sou nou.
Ezekiel 7:20Bèl bijou yo te genyen yo vire lòlòj yo. Yo sèvi ak yo pou fè estati zidòl, bagay ki derespektan, bagay mwen pa vle wè menm. Se poutèt sa, m'ap fè yo p'ap ka santi richès yo.