Ezra 1:11
Antou, sa te fè senkmilkatsan (05.400) divès kalite bagay an lò ak an ajan. Se tout bagay sa yo Chechbaza te pran ak li lè li t'ap kite lavil Babilòn ansanm ak lòt moun yo te depòte yo, pou tounen lavil Jerizalèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
10trant ti bòl an lò katsandis (0410) ti bòl an ajan mil (01.000) lòt kalite bagay.
Cross References
Psalms 126:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè Seyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo, se tankou si nou te nan rèv: Nou pa t' vle kwè se te vre!
Matthew 1:11Jozyas te papa Jekonyas ak lòt frè l' yo. Se lè sa a yo te depòte moun pèp Izrayèl yo, yo mennen yo ale lavil Babilòn.
2 Timothy 2:19Men, pa pè. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawòl nou jwenn make sou li: Mèt la konnen moun ki moun pa li. Tout moun ki di se pou Seyè a y'ap viv, se pou yo sispann fè sa ki mal.