Ezra 5:17
Koulye a menm, si wa a ta vle, li ta ka mande yo chache nan achiv wa yo lavil Babilòn, pou wè si tout bon vre, wa Siris te ba yo otorizasyon rebati tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Apre sa, y'a fè nou konnen desizyon wa a sou zafè sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezra 4:15pou l' ka fè rechèch nan achiv zansèt li yo te kite. Nan ansyen dokiman sa yo, l'a jwenn sa yo te ekri sou lavil sa a. L'a konnen jan lavil sa a pa te janm vle soumèt devan yo, li te toujou pare pou revòlte. Se poutèt sa yo te detwi lavil sa a nèt.
Ezra 6:1Se konsa wa Dariyis bay lòd pou yo fè chache nan tout depo kote yo te sere achiv yo ak trezò yo nan peyi Babilòn.