Galatians 1:10
Lè mwen di sa, èske sa vle di se favè moun m'ap chache? Non. Se favè Bondye m'ap chache. Eske se plezi m'ap chache fè lèzòm plezi? Si m' t'ap chache fè lèzòm plezi, se pa Kris la mwen ta ap sèvi.
Bib La
In The King James Version
In Context
11M'ap di nou sa, frè m' yo, bon nouvèl m'ap anonse a pa soti nan moun.
Cross References
Matthew 22:16Yo voye disip pa yo ansanm ak patizan Ewòd yo bò kot Jezi pou mande li: Mèt, nou konnen ou se moun ki kare. W'ap moutre chemen Bondye a jan l' ye a, ou pa pè pesonn. Paske, ou pa gade sou figi moun.
Acts 4:19Men, Pyè ak Jan reponn yo: Jije nou menm kisa ki pi bon devan Bondye: Obeyi nou osinon obeyi Bondye?
Acts 12:20Ewòd te fache anpil sou moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo. Sa moun sa yo fè, yo mete ansanm pou yo vin kote li. Yo pran tèt Blastis, yon ofisye ki t'ap travay lakay wa a. Epi y' al mande Ewòd pou l' fè lapè ak yo, paske se nan peyi Ewòd la moun lakay yo te konn ale fè pwovizyon.
Romans 2:8Men, moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l' va tonbe sou yo.
Romans 15:1Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman.
2 Corinthians 5:9Men, anvan tout bagay, nou vle fè Seyè a plezi, kit nou nan kò sa a, kit nou kite li.