Galatians 1:4
Dapre volonte Bondye, Papa nou, Kris la te bay tèt li pou peche nou yo, pou l' te ka delivre nou anba move tan mechan ki sou latè koulye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.
5Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.
Cross References
Isaiah 65:17Mwen pral fè yon lòt syèl ak yon lòt tè. Pesonn p'ap chonje sa ki te pase nan tan lontan. Sa p'ap janm vin nan tèt yo ankò.
Matthew 20:28Se konsa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun.
Matthew 26:42Li kite yo, li ale yon dezyèm fwa. Li lapriyè konsa: O Papa m', si se pou m' bwè gode soufrans sa a anvan pou ou wete l' devan je m', ou mèt fè l' jan ou vle a.
Luke 22:19Apre sa, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase li. Li ba yo l', epi li di yo: Sa se kò mwen. Se mwen menm ki bay li pou nou. Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen.
John 5:30Mwen pa kapab fè anyen pou kò mwen. M'ap jije dapre sa Bondye di mwen. Jijman mwen bon paske sa m'ap chache fè a se pa sa m' vle, men sa moun ki voye m' lan vle.
John 10:11Se mwen menm ki bon gadò mouton yo. Bon gadò a ap bay lavi l' pou mouton l' yo.