Galatians 1:7
Pou di vre, pa gen okenn lòt bon nouvèl. Men, mwen di sa paske gen moun k'ap plede chaje tèt nou, ki vle chanje anpil bagay nan bon nouvèl Kris la.
Bib La
In The King James Version
Which is not another; but there be some that trouble you, and would pervert the gospel of Christ.
In Context
Cross References
Matthew 24:24Paske lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.
Acts 15:1Kèk mesye soti nan peyi Jide rive lavil Antiòch. Yo t'ap moutre frè yo yon bann bagay, yo t'ap di: Bondye p'ap kapab delivre nou si yo pa sikonsi nou, jan lalwa Moyiz mande l' la.
Acts 20:30Gen moun k'ap soti nan mitan nou menm menm, k'ap kanpe pou bay manti, pou chache rale kèk disip dèyè yo.
2 Corinthians 2:17Nou pa tankou anpil moun k'ap defòme pawòl Bondye a. Okontrè, nou pale pawòl la jan li ye a devan Bondye, tankou moun k'ap viv nan Kris la, paske se Bondye menm ki voye nou.
2 Corinthians 11:13Moun sa yo, se pòz apòt yo y'ap pran. Y'ap bay manti sou travay yo, y'ap fè tèt yo pase pou apòt Kris la.
Galatians 4:17Lòt moun sa yo enterese anpil nan nou, men lide yo gen dèyè tèt yo pa bon menm. Yo ta vle separe nou avè m' pou nou ka enterese nan yo ase.