Galatians 2:14
Lè m' wè yo pa t'ap mache dwat dapre verite ki nan bon nouvèl la, mwen di Pyè devan tout moun: Ou menm ki jwif, ou pa t' viv isit la tankou jwif, men tankou moun ki pa jwif. Poukisa jòdi a w'ap fòse frè ki pa jwif yo pou yo viv tankou jwif?
Bib La
In The King James Version
In Context
15Nou menm, nou se jwif natif natal, nou pa soti nan ras moun lòt nasyon yo k'ap plede fè peche.
Cross References
Leviticus 19:17Piga nou kenbe frè nou nan kè. Si yo gen kichòy avèk nou, regle sa la pou la. Konsa, yo p'ap lakòz nou tonbe nan peche.
Psalms 58:1(058:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David. (058:2) Nou menm ki reprezante Bondye, èske nou rann jistis la tout bon vre? Nou menm lèzòm, èske nou jije san patipri?
Psalms 141:5Ou mèt kite yon moun ki mache dwat pini m'. Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen. Men, pa kite m' patisipe nan okenn fèt mechan yo. Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal.
Proverbs 10:9Yon nonm serye pa janm bezwen pe anyen. Men, yo gen pou yo bare moun k'ap fè vis.
Acts 10:28Li di yo: Nou konnen sa pa fèt: jwif pa gen dwa mele ak moun lòt nasyon ni mete pye lakay yo. Relijyon l' pa penmèt sa. Men, Bondye fè m' konnen, mwen pa gen dwa gade pesonn pou move moun ni pou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye.
Acts 15:10Koulye a, poukisa pou n'ap seye fè plan ak Bondye konsa, lè nou vle fè disip yo pote yon chay ni zansèt nou ni nou menm nou pa t' ka pote?