Galatians 2:20
Se sak fè, se pa mwen k'ap viv ankò, se Kris la k'ap viv nan mwen: lavi m'ap mennen nan kò m' koulye a, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki te renmen m' sitèlman li te rive bay lavi l' pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 20:28Se konsa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun.
John 3:16Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.
John 6:57Papa ki voye m' lan, li vivan. Se li menm ki ban m' lavi. Konsa tou, moun ki manje m', m'a ba yo lavi.
John 9:35Jezi te vin konnen yo te mete nonm ki te avèg la deyò nan sinagòg la. Lè li kontre avè l', li di l' konsa: Eske ou kwè nan Moun Bondye voye nan lachè a?
John 14:19Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m', men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv.
John 17:21M'ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè yonn ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen.