Galatians 3:23
Anvan lè a te rive pou n' te ka gen konfyans, lalwa te kenbe nou prizonye anba men l', jouk tan pou Bondye te devwale kalite konfyans sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Romans 3:19Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou soti nan bouch pesonn: tout moun antò devan Bondye.
Romans 11:32Bondye mete tout moun anba menm chenn dezobeyisans lan pou l' ka gen pitye pou tout moun ansanm.
Galatians 3:19Poukisa yo te bay lalwa a menm? Yo te ajoute lalwa a pou l' te ka fè nou konnen bagay ki kont volonte Bondye. Lalwa a te fèt pou l' te la toutotan pitit pitit Abraram lan pa t' ankò vini, paske se pou li Bondye te fè pwomès la. Se zanj Bondye yo ki te bay lalwa, epi se yon nonm ki te sèvi entèmedyè.
Galatians 4:1Enben! Men sa m' vle di: Pitit ki pou resevwa byen papa li a, toutotan li piti toujou, y'ap trete l' menm jan yo trete yon esklav, atout se li menm ki mèt tout bagay.
Galatians 5:18Men, si se Lespri Bondye a k'ap dirije lavi nou, nou pa anba lalwa ankò.
Hebrews 11:39Tout moun sa yo, Bondye te dakò ak yo paske yo te gen konfyans nan li. Men, atousa, yo pa t' resevwa sa Bondye te pwomèt la.