Galatians 3:28
Koulye a pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
John 11:52Epi, pa sèlman pou jwif yo, men tou pou l' te sanble tout pitit Bondye ki gaye yo nan yon sèl kò.)
John 17:20Se pa pou yo sèlman m'ap lapriyè, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lè y'a tande mesaj la.
Romans 2:9Anpil soufrans ak anpil lapenn pou tout moun ki lage kò yo nan fè sa ki mal, pou jwif yo an premye, apre yo pou moun lòt nasyon yo.
Romans 4:11Se lontan apre sa Abraram te resevwa sikonsizyon an tankou yon letanp. Se te mak ki te pou moutre Bondye te fè l' gras, paske li te kwè anvan menm li te sikonsi. Se poutèt sa Abraram se papa tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye, menm si yo pa sikonsi. Moun sa yo, Bondye ap fè yo gras.
Romans 10:12Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l' favè l' an kantite.
1 Corinthians 7:19Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, sa pa konsekan ankò. Sa ki konsekan an se obeyi pou nou obeyi kòmandman Bondye yo.