Galatians 3:29
Si ou se moun Kris la, enben ou se pitit pitit Abraram. Ou gen pou resevwa eritaj Bondye te pwomèt la.
Bib La
In The King James Version
And if ye be Christ’s, then are ye Abraham’s seed, and heirs according to the promise.
In Context
Cross References
Genesis 21:10Li di Abraram konsa: -Mete sèvant la deyò ansanm ak tout pitit li a, paske pitit sèvant sa a pa gen dwa eritye ak Izarak, pitit mwen an.
Romans 4:16Konsa, Bondye fè pwomès la pou moun ki gen konfyans nan li. Se sak fè, pwomès la se yon favè Bondye pou tout pitit pitit Abraram yo, pa sèlman pou moun ki fè sa lalwa Moyiz la mande, men pou tout moun ki gen konfyans nan Bondye menm jan Abraram te gen konfyans nan li a. Abraram se papa nou tout,
Romans 9:7Se pa tout pitit pitit Abraram yo ki bon pitit pou li, paske Bondye te di Abraram, dapre sa ki ekri nan Liv la: Se Izarak ki va fè pitit pitit mwen te pwomèt ou yo.
1 Corinthians 15:23Men, chak moun va leve soti nan lanmò nan tan pa yo: Kris la an premye anvan tout moun, apre sa, moun ki pou Kris la, se va tou pa yo pou yo leve soti vivan lè Kris la va tounen ankò.
Galatians 3:7Konsa, se pou nou konprann sa byen: Moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo menm ki pitit Abraram.
Galatians 3:28Koulye a pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri.