Galatians 4:12
Frè m' yo, tanpri souple. Se pou nou vin tankou m', menm jan mwen menm tou mwen te vini tankou nou. Nou pa janm fè m' okenn tò.
Bib La
In The King James Version
Brethren, I beseech you, be as I am; for I am as ye are: ye have not injured me at all.
In Context
11Mwen pè pou nou anpil. Gen lè mwen te travay mal nan mitan nou? Se sa m'ap mande mwen.
13Nou chonje kisa ki te fè m' anonse nou bon nouvèl la pou premye fwa a? Se paske m' te malad.
Cross References
Genesis 34:15N'ap dakò nan yon sèl kondisyon. Se pou nou vin menm jan ak nou, se pou tout gason nan kanton an sikonsi tankou nou.
Acts 21:21Yo vin di yo ki jan ou menm Pòl, w'ap moutre tout jwif k'ap viv nan mitan lòt nasyon yo pou yo kite Lalwa Moyiz la tonbe. W'ap di yo pa sikonsi pitit yo, ni yo pa bezwen swiv koutim jwif yo.
2 Corinthians 2:5Si yon moun fè yon lòt lapenn, se pa mwen li fè lapenn, men se nou tout, moun Korent, li fè lapenn. Pou m' pa al twò lwen, pito m' di se kèk nan nou li fè lapenn.
Galatians 2:14Lè m' wè yo pa t'ap mache dwat dapre verite ki nan bon nouvèl la, mwen di Pyè devan tout moun: Ou menm ki jwif, ou pa t' viv isit la tankou jwif, men tankou moun ki pa jwif. Poukisa jòdi a w'ap fòse frè ki pa jwif yo pou yo viv tankou jwif?
Galatians 6:18Frè m' yo, se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la ak nou tout. Amèn.