Galatians 4:17
Lòt moun sa yo enterese anpil nan nou, men lide yo gen dèyè tèt yo pa bon menm. Yo ta vle separe nou avè m' pou nou ka enterese nan yo ase.
Bib La
In The King James Version
They zealously affect you, but not well; yea, they would exclude you, that ye might affect them.
In Context
16Men koulye a, èske mwen tounen yon lènmi pou nou paske m'ap di nou laverite?
Cross References
Romans 10:2Paske, m'ap kanpe di sa pou yo: yo devwe anpil pou sèvis Bondye a, men yo manke konprann.
1 Corinthians 4:8Atò, nou gen tan gen tou sa n' te bezwen? Nou gen tan rich kont kò nou? Nou gen tan tounen wa anvan mwen? Mwen ta byen kontan si nou ta tounen wa tout bon, pou m' te kapab wa tou ansanm avèk nou.
1 Corinthians 11:2Mwen fè nou konpliman pou jan nou toujou chonje m', pou jan nou kenbe tout bagay mwen te moutre nou.
2 Corinthians 11:13Moun sa yo, se pòz apòt yo y'ap pran. Y'ap bay manti sou travay yo, y'ap fè tèt yo pase pou apòt Kris la.
Philippians 2:21Tout lòt yo, se zafè pa yo ase y'ap regle, yo p'ap defann kòz Kris la.
2 Peter 2:18Y'ap pale ak awogans pawòl ki pa gen sans. Avèk lavi lib y'ap mennen pou satisfè lachè a, y'ap pran tèt moun ki fèk ap chape nan mitan moun k'ap viv nan manti yo.