Galatians 4:19
Pitit mwen yo, m'ap soufri anpil pou nou toujou, tankou yon manman k'ap soufri doulè tranche, m'ap soufri pou nou jouk tan Kris la va fin fòme nèt nan nou.
Bib La
In The King James Version
My little children, of whom I travail in birth again until Christ be formed in you,
In Context
Cross References
Isaiah 53:11Apre tout soufrans sa yo, l'a jwenn kè kontan ankò. L'a konnen li pa t' soufri pou gremesi. Li te sèvi Bondye yon jan ki kòrèk nèt. Li te pran chatiman anpil moun sou do l'. L'a fè Bondye fè yo gras.
Romans 8:29Paske, moun Bondye te konnen depi davans pou moun pa l' yo, depi davans tou li te mete yo apa pou yo te kab sanble ak Pitit li a. Konsa, Pitit sa a pase pou premye pitit nan yon bann frè.
1 Corinthians 4:14Mwen pa ekri nou tout bagay sa yo paske mwen vle fè nou wont non. Men, se vle mwen vle fè nou wè rezon, tankou pitit mwen renmen anpil.
Ephesians 4:24Se pou nou vin yon lòt kalite moun jan Bondye vle l' la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l' la.
Philippians 2:5Se pou nou yonn gen pou lòt menm santiman ki te nan Jezi, Kris la.
Colossians 1:27Paske, Bondye vle fè moun pa l' yo konnen tout richès ak tout bèl pouvwa ki nan sekrè li te sere pou moun ki pa jwif yo. Men sekrè a: nou menm moun ki pa jwif yo, Kris la ap viv nan kè nou tou, li ban nou espwa nou gen pou n' patisipe nan bèl pouvwa Bondye a.