Galatians 4:24
Nou ka pran istwa sa a pou yon parabòl: de fanm sa yo se de kontra. Aga se kontra ki te fèt sou Mòn Sinayi a. Tout pitit li yo se esklav yo ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 16:3Se konsa, Sarayi, madanm Abram, pran sèvant li a, Aga ki te moun peyi Lejip, li bay Abram li pou madanm. Lè sa a, Abram te gen tan gen dizan nan peyi Kanaran.
Genesis 16:15Aga fè yon pitit gason pou Abram. Abram rele pitit la Izmayèl.
Genesis 25:12Men pitit pitit Izmayèl, pitit Abraram lan. Se Aga, moun peyi Lejip, sèvant Sara, ki te fè pitit sa a pou Abraram.
Ezekiel 20:49Lè sa a mwen di: -Aa! Seyè sèl Mèt mwen! Pa fè m' di sa non! Moun deja ap plenyen se an daki ase m'ap pale!
Matthew 13:35Sa te pase konsa pou pawòl pwofèt la te di a te ka rive vre: Se an parabòl m'ap pale ak yo. m'a fè yo konnen bagay ki te kache depi anvan Bondye te kreye latè.
Romans 8:15Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k'ap fè nou esklav pou n'ap tranble devan Bondye toujou. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa.