Galatians 4:26
Men, Jerizalèm ki nan syèl la, li lib. Se li menm ki manman nou.
Bib La
In The King James Version
But Jerusalem which is above is free, which is the mother of us all.
In Context
Cross References
Song of Solomon 8:1Poukisa se pa t' frè m' ou te ye, frè ki tete menm manman avè m'? Lè m' ta kontre avè ou nan lari, m' ta gen dwa bo ou, pesonn pa ta wè mal nan sa.
Isaiah 50:1Men sa Seyè a di ankò: -Si m' te voye manman nou tounen lakay li, kote papye divòs mwen te ba li? Ki moun mwen te dwe lajan pou m' ta vann nou ba li tankou esklav? Se poutèt mechanste nou yo mwen te vann nou. Se poutèt peche nou yo mwen te voye manman nou tounen lakay li.
Isaiah 62:1Jan m' renmen mòn Siyon sa a! Se pou m' pale. Jan m' renmen lavil Jerizalèm sa a, mwen p'ap pran kanpo, jouk delivrans li va parèt tankou limyè solèy k'ap leve, tankou flanbo k'ap klere nan fènwa.
Isaiah 66:10Fè kè nou kontan ansanm ak lavil Jerizalèm. Fè fèt pou li, nou tout ki renmen l'! Se pou nou kontan ansanm avè l' koulye a, nou menm ki te nan lapenn pou li!
Hosea 2:5Manman yo lage kò l' nan fè jennès. Wi, li menm ki te pote yo nan vant li, li avili tèt li, paske l'ap di: mwen pral jwenn nonm mwen yo. Yo ban m' tou sa m' bezwen. Yo ban m' manje, yo ban m' bwè. Yo ban m' twal lenn ak twal fen. Yo ban m' lwil oliv, yo ban m' diven pou m' bwè.
Joel 3:17Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Mwen rete sou mòn Siyon, mòn yo mete apa pou mwen an. Jerizalèm va yon lavil apa pou Bondye. Moun lòt nasyon yo p'ap ka pran l' pou yo ankò.