Galatians 5:1
Se pou n' te ka lib tout bon kifè Kris la te delivre nou. Se poutèt sa, ann rete fèm nan libète sa a. Veye kò nou pou n' pa tounen esklav ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 23:23Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa.
Matthew 11:28Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.
Luke 5:38Men, diven ki fenk fèt, sa dwe ale nan veso an po ki fenk fèt tou.
Acts 15:10Koulye a, poukisa pou n'ap seye fè plan ak Bondye konsa, lè nou vle fè disip yo pote yon chay ni zansèt nou ni nou menm nou pa t' ka pote?
Romans 6:18Nou delivre anba peche. Koulye a se esklav sa ki byen nou ye.
Romans 7:6Koulye a, nou pa gen angajman ak lalwa ankò. Nou mouri annegad lalwa ki te kenbe nou prizonye a. Se sak fè nou ka sèvi Bondye yon lòt jan, anba otorite Sentespri a. Nou p'ap sèvi l' ankò jan n' te konn sèvi l' nan tan lontan an, anba otorite lalwa ki ekri nan Liv la.