Galatians 5:17
Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sak fè nou pa kapab fè sa nou vle.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a.
18Men, si se Lespri Bondye a k'ap dirije lavi nou, nou pa anba lalwa ankò.
Cross References
Psalms 19:12(019:13) Ki moun ki konnen tou sa li fè ki mal? Tanpri, Seyè, delivre m' anba sa mwen fè ki mal san m' pa konnen!
Psalms 51:10(051:12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm.
Psalms 119:4Ou ban nou lòd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn.
Psalms 119:24Prensip ou yo fè kè m' kontan. Se yo ki ban m' konsèy sa pou m' fè.
Psalms 119:35Fè m' viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m'.
Psalms 119:133Soutni m' avèk pawòl ou pou m' pa bite. Pa kite mechanste gen pye sou mwen.