Galatians 5:18
Men, si se Lespri Bondye a k'ap dirije lavi nou, nou pa anba lalwa ankò.
Bib La
In The King James Version
But if ye be led of the Spirit, ye are not under the law.
In Context
19Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis.
Cross References
Psalms 25:4Seyè, fè m' konnen jan ou vle m' viv la! Moutre m' nan ki chemen ou vle pou m' mache a!
Psalms 143:8Mwen mete konfyans mwen nan ou. Depi granmaten, fè m' chonje jan ou renmen m' anpil. Se ou menm m'ap lapriyè. Moutre m' chemen pou m' pran an.
Isaiah 48:16Pwoche kote m' non, koute sa m'ap di: Depi nan konmansman mwen pa kache nou anyen. Depi lè bagay la t'ap rive, mwen te la. Koulye a, Seyè a ban mwen lespri l', li voye m'!
John 16:13Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive.
Romans 7:4Se menm jan an tou pou nou menm, frè m' yo. Nou mouri ansanm ak kò Kris la annegad lalwa. Konsa, nou lib pase nan men yon lòt mèt. Koulye a, se nan men moun ki te leve soti vivan nan lanmò a nou ye pou nou ka viv yon jan ki itil pou Bondye.
Romans 8:14Paske, tout moun Lespri Bondye a ap dirije, se pitit Bondye yo ye.