Galatians 5:19
Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Men, si se Lespri Bondye a k'ap dirije lavi nou, nou pa anba lalwa ankò.
Cross References
Ezekiel 22:6Tout chèf peyi Izrayèl yo gen konfyans nan pwòp fòs yo. Yon sèl bagay yo konnen, se touye moun.
Mark 7:21Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide soti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun;
Romans 1:21Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l' mèsi jan l' merite l' la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo.
Romans 7:18Sa se bagay mwen konnen: Nanpwen anyen ki bon nan mwen, nan tout kò mwen. Mwen di sa, paske menm lè mwen vle fè sa ki byen, mwen pa santi m' kapab fè li.
Romans 8:3Bagay lalwa Moyiz la pa t' kapab fè, paske kò lèzòm te rann li san fòs, se Bondye menm ki fè l': Bondye kondannen peche ki nan kò lèzòm lan, lè l' voye pwòp Pitit pa l' nan yon kò ki menm kò ak kò peche a, pou l' te ka fini nèt ak peche a.
Romans 8:9Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la.