Galatians 5:2
Tande byen. Men sa mwen menm Pòl m'ap di nou: Si nou kite yo sikonsi nou, sa vle di Kris la pa sèvi nou anyen.
Bib La
In The King James Version
Behold, I Paul say unto you, that if ye be circumcised, Christ shall profit you nothing.
In Context
Cross References
Acts 15:24Nou te vin konnen te gen moun ki soti bò isit la al lakay nou. Yo pa t' manke boulvèse nou, yo pa t' manke fatige nou ak pawòl yo t'ap di. Men, nou menm nou pa t' ba yo okenn lòd konsa.
Romans 9:31Men, moun pèp Izrayèl yo ki t'ap chache yon lalwa ki pou ta fè Bondye fè yo gras, yo pa jwenn sa yo t'ap chache a.
1 Corinthians 16:21M'ap ekri nou sa ak men pa m': Pòl voye bonjou pou nou tout.
Galatians 2:3Enben, Tit ki te avè m' lan, se moun peyi Lagrès li ye: yo pa t' egzije l' sikonsi,
Galatians 5:6Paske, lè n'ap viv ansanm ak Kris la, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi, sa pa fè anyen. Sa ki konsekan an se pou nou gen konfyans nan Bondye, yon konfyans k'ap fè nou viv ak renmen nan kè nou.
1 Thessalonians 2:18Mwen pa konnen sa m' ta fè pou m' tounen lakay nou ankò. Mwen menm Pòl, mwen te seye plizyè fwa menm. Men, Satan te anpeche mwen.