Galatians 5:26
Pa kite lògèy moute nou nan tèt. Piga yonn chache lòt kont. Piga yonn rayi sò lòt.
Bib La
In The King James Version
Let us not be desirous of vain glory, provoking one another, envying one another.
In Context
25Se Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n' kite li dirije lavi nou nan tout bagay.
Cross References
Luke 14:10Men, lè yo envite ou, mete kò ou dèyè; konsa, lè moun ki envite ou la vini, la ka di ou: Zanmi mwen, pase pi devan nan yon pi bon plas. Lè sa a, se va yon lwanj pou ou devan tout moun ki chita bò tab la ansanm ak ou yo.
Galatians 5:15Men, si yonn ap mòde lòt, yonn ap devore lòt tankou bèt sovaj, atansyon pou yonn pa touye lòt tou!
James 3:14Men, si n'ap fè jalouzi nan kè nou, si nou kenbe moun nan kè nou, si n'ap kouri dèyè enterè pa nou, pa vante tèt nou, pa fè manti sou laverite a.
1 Peter 5:5Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li.