Galatians 6:10
Se sak fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive.
11Gade ki gwo lèt m'ap ekri nou koulye a ak men pa m'!
Cross References
Psalms 37:3Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze!
Proverbs 3:27Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa.
Ecclesiastes 9:10Tou sa ou jwenn pou ou fè, fè l' ak tout fòs ou. Paske, kote ou prale a, nan peyi kote mò yo ye a, nanpwen travay pou ou fè, pa gen lide ki pou mache nan tèt ou, pa gen konesans, pa gen bon konprann.
Matthew 10:25Si yon elèv rive fò tankou mèt li, sa kont pou li; si yon domestik rive tankou patwon li, sa kont pou li. Si yo rele mèt kay la Bèlzeboul, se pa lòt moun nan kay la yo p'ap bay pi move non toujou!
Matthew 25:40Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li.
Luke 6:35Non, nou menm se pou nou renmen lènmi nou yo, fè byen pou yo. Prete san nou pa mete espwa nou sou renmèt. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la, paske li menm, li bon ni pou engra ni pou mechan.