Galatians 6:15
Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, se pa sa ki konte. Sa ki konte, se pou nou chanje, se pou nou tounen yon lòt moun.
Bib La
In The King James Version
For in Christ Jesus neither circumcision availeth any thing, nor uncircumcision, but a new creature.
In Context
Cross References
Joshua 5:5Tout gason ki te vivan lè yo te soti kite peyi Lejip la te sikonsi. Men, ankenn nan gason ki te fèt pandan yo t'ap vwayaje nan dezè a pa t' ankò sikonsi.
Romans 8:1Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri.
2 Corinthians 5:17Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo koulye a.
Ephesians 2:10Se Bondye ki fè nou. Nan Jezikri li kreye nou pou nou ka fè anpil bon zèv nan lavi nou, dapre sa li te pare davans pou nou te fè.
Colossians 3:10Koulye a, nou tounen yon lòt kalite moun, n'ap chanje jouk n'a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an pou n' te ka konnen l' nèt.