Galatians 6:17
Apre sa, piga pesonn ban m' traka ankò. Paske, mak m'ap pote nan kò mwen moutre se esklav Jezikri mwen ye.
Bib La
In The King James Version
From henceforth let no man trouble me: for I bear in my body the marks of the Lord Jesus.
In Context
18Frè m' yo, se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la ak nou tout. Amèn.
Cross References
Joshua 7:25Epi Jozye di Akan konsa: -Poukisa ou rale tout malè sa a sou tèt nou? Jòdi a, Seyè a pral fè malè tonbe sou ou! Epi tout moun pèp Izrayèl yo pran wòch, yo kalonnen yo jouk yo touye yo. Yo boule tout bagay yo nan dife. Yo touye tout fanmi l' yo ak bèt li yo ak koutwòch.
Acts 15:24Nou te vin konnen te gen moun ki soti bò isit la al lakay nou. Yo pa t' manke boulvèse nou, yo pa t' manke fatige nou ak pawòl yo t'ap di. Men, nou menm nou pa t' ba yo okenn lòd konsa.
2 Corinthians 4:10Se konsa, kote m' pase mwen pote soufrans lanmò Jezi a nan kò mwen, pou tout moun ka wè pouvwa lavi Jezi a ap travay nan kò m' tou.
Galatians 1:7Pou di vre, pa gen okenn lòt bon nouvèl. Men, mwen di sa paske gen moun k'ap plede chaje tèt nou, ki vle chanje anpil bagay nan bon nouvèl Kris la.
Colossians 1:24Koulye a, mwen kontan anpil dèske m'ap soufri pou nou. Paske, lè m'ap soufri nan kò pa m' konsa, m'ap bay pòsyon pa m' pou konplete tou sa ki manke nan soufrans Kris la pou legliz la ki kò li.