Genesis 1:14
Bondye di ankò. Se pou limyè parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannwit. Y'a sèvi pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te twazyèm jou a.
15Y'a sèvi limyè nan syèl la pou klere tout latè a. Se konsa sa te pase.
Cross References
Genesis 9:13M'ap mete lakansyèl mwen nan syèl la. Men siy m'ap ban nou pou kontra mwen pase ak latè a.
Job 3:9Pa kite gwo zetwal devanjou a klere jou sa a. Pa janm fè bajou kase pou li, pou l' pa janm wè solèy leve.
Job 25:5Nan je Bondye, menm lalin lan pa klere ase. Pa gen yonn nan zetwal yo ki bon nèt pou li.
Job 38:31Ou ka mare zetwal Lapousiyè yo ansanm? Ou ka lage kòd ki kenbe zetwal Oryon yo ansanm?
Psalms 8:4(08:5) m'ap mande: -Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa?
Psalms 74:16Ou fè lajounen, ou fè lannwit. Se ou ki mete lalin lan ak solèy la nan plas yo.