Genesis 10:19
Lizyè tè moun Kanaran yo pati depi lavil Sidon, li mete tèt sou Gera jouk li rive Gaza. Apre sa, li vire sou Sodòm ak Gomò, Adma ak Seboyim jouk li rive Lecha.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Avad, Zema, Amat. Apre sa tout fanmi Kanaran yo gaye.
Cross References
Genesis 14:2Yo kat yo leve, y al fè lagè ak senk lòt wa. Bera ki te wa Sodòm, Bicha ki te wa Gomò, Cheneab ki te wa Adma, Chemebè ki te wa zeboyim yo, ak wa peyi Bela a. Peyi sa a te rele Zoa tou.
Genesis 18:20Apre sa, Seyè a di. Se pa ti kras bagay y'ap di sou moun Sodòm ak moun Gomò, paske peche moun sa yo lou anpil.
Genesis 20:1Abraram kite Manmre, li pati, li ale Negèv, li rete ant Kadès ak Chour kote li moute kay li. Pandan tout tan li t'ap viv nan peyi Gera a,
Numbers 34:2-Men lòd w'a bay moun Izrayèl yo pou mwen. Lè n'a antre nan peyi Kanaran mwen pral ban nou an, men fwontyè ki pral limite peyi a.
Deuteronomy 32:8Lè Bondye ki anwo nan syèl la t'ap bay chak nasyon pòsyon ki pou yo, lè li t'ap bay kote pou chak moun rete sou latè, li fikse fwontyè tout peyi dapre kantite moun li te mete sou latè.
Joshua 14:1Men tè yo te separe bay moun pèp Izrayèl yo. Se Eleaza, prèt la, ak Jozye, pitit gason Noun lan, ansanm ak tout chèf fanmi nan tout branch pèp Izrayèl yo ki te bay chak fanmi pòsyon pa yo.