Genesis 10:32
tout moun sa yo se branch fanmi pitit Noe yo, dapre zansèt yo, nasyon pa nasyon. Apre gwo inondasyon an, tout nasyon ki sou latè soti nan pitit Noe yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 5:29Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a.
Genesis 9:7Nou menm, se pou nou fè pitit, anpil pitit. Gaye kò nou toupatou sou latè, pou pitit nou yo toujou fè anpil pitit tou.
Genesis 10:1Apre gwo inondasyon an, pitit Noe yo, Sèm, Kam ak Jafè, te fè pitit. Men non pitit gason yo te fè.
Genesis 10:20Se tout pitit ak pitit pitit Kam yo sa, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon.
Genesis 10:31Se tout pitit ak pitit pitit Sèm yo sa, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon.
Acts 17:26Se li menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè yo tout soti nan yon sèl moun. Li te fikse davans tan ki pou yo chak, ak limit kote pou yo chak rete.