Genesis 10:5
Se tout pitit ak pitit pitit Jafè yo sa ki zansèt tout moun k'ap viv nan zile yo, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Se Javan ki te papa Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim.
6Men pitit gason Kam yo. Se te Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran.
Cross References
Genesis 9:19Se twa pitit Noe sa yo ki peple mete moun sou tout latè.
Genesis 10:25Ebè te gen de pitit gason. Yonn te rele Pelèg, paske se nan tan li moun sou latè te divize yonn ak lòt. Yo te rele frè l' la Joktan.
Genesis 11:1Nan konmansman, tout moun sou latè te pale yon sèl lang, yonn te konprann lòt.
Genesis 11:9Se poutèt sa yo rele lavil la Babèl, paske se la Seyè a te mele lang tout moun ki rete sou latè, li fè yo pati, li gaye yo toupatou sou latè.
Esther 10:1Wa Asyeris te bay lòd pou tout moun ki rete nan peyi a, ata moun nan zile yo, peye yon lajan.
Isaiah 11:11Jou sa a, Seyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letiopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.